African + diasporic language studies

get these nets

Veteran
Joined
Jul 8, 2017
Messages
53,009
Reputation
14,319
Daps
199,884
Reppin
Above the fray.









Akademisyen Michel DeGraff eli manm selèk Linguistic Society of America​


Vandredi 30 septanm 2022 a, ‘Massachusetts Institute of Technology’ anonse, sou sit wèb li, pwofesè Michel Anne Frederic DeGraff eli kòm ‘Fellow’ (manm selèk) ‘Linguistic Society of America’ — LSA — ki se Sosyete Lengwistik Etazini. Entwonizasyon lengwis DeGraff kòm manm selèk LSA fikse pou vandredi 6 janvye 2023 a, a kote sèt (7) lòt kònònò wòdpòte ki reprezante plizyè inivèsite nan monn lan. N ap soulinye Linguistic Society of America genyen anviwon 3 000 manm. Men, se sèlman yon 5% ladan yo ki rive jwenn onè ‘Fellowship’ sa a ki se pi gwo distenksyon akademik nan domèn lengwistik. Le Nouvelliste te kontakte lengwis Michel DeGraff pandan wikenn ki sot pase a. N ap pataje reyaksyon li apre li aprann nouvèl ‘Fellowship’ la.
 
Last edited:

get these nets

Veteran
Joined
Jul 8, 2017
Messages
53,009
Reputation
14,319
Daps
199,884
Reppin
Above the fray.
 
Last edited:
Top